Fanm marabou jansiv vyèlèt, cheve ou fè lonbray mwen Bèl ranmye koulè dore je chandèl vin poze sou bra w yo pou chache lavi. Bèl marabou, se ou menm ki te prete Wa Kristòf parasòl ou pou l pare solèy, pou l te chita pran repo lè enkyetid te anvayi kè l. Marabou bèl po po vlou po fen ou pa tonbe pou okenn nèg ki damou tèlman ou konnen w bèl tèlman ou gen ògèy Men malgre tou, ou fè bote lakou kòm fanm marabou Lè van ap vante, kè ou pa sote ou kanpe dyanm paske ou konnen ou p ap tonbe.
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire