Pages - Menu

mardi 17 mai 2011

Drapo m se peyi m

Drapo m se peyi m

M chita dèyè plim je m
Pou m gad jan blan je vèt ap souse peyi m
M kache dèyè fas mwen
Pou m gad eskanp figi drapo m
K’ap pèdi valè douvan lòt nasyon

Solèy la vomi fyèl drapo peyi m
Chak fwa gwo zotobre yo ap fè ti figi nan tan kwi
Kè Papa Desalin plen kou fan fanm gwos,
Kou kalbas,gonfle kou blad…
Podyab, li te goumen anven !

Nan tout pèp sou latè se nou ki pi reyisi
Nou rive konstwi Ayiti ak prela,tant aprè yon lane.
Drapo n flote pi wo nan ma labou.
Adye wi dan…
Premye repiblik nèg ki leve kanpe,
Koupe chenn nan pye, men ki maltrete.

Drapo m se peyi m
Ayiti se peyi n
Jouk ki lè n’ap fè yon chenn
Poun vanse nan yon sèl chimen
Jouk kilè n’ap sispann nan mouri èbo
Pou yon ti pòsyon nan bèchon jwaye.
                                                                                            
                                                                                   Jean Roumain CADET

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire